Rester branché:

S'abonner sur Twitter Devenez fans sur Facebook RRS Debat Communautaire Favorites Bar Suivez nous par email Accueil |
Si vous pouvez pas play l’émission veuillez rafraichir la page web en appui sur "f5" Suivez nous par téléphone envoyez le message "on debatcommun" à 40404. Recevez touts nos infos par email cliquez ici, c'est gratuit

dimanche 7 avril 2013

Sot sou Desalin rive sou Jan Dominik enpinite ap fè lalwa’l

Se de nèg, de zòm, de gwo lidè ki sanble anpil, se pa paske yo tou de gen Jan nan non yo. Men se te de nèg ki t’ap travay pou mas, pou pèp, ki te gen yon vizyon, ki te kwè nan peyi’l, ki te kwè bagay yo ka chanje. Yo te renmen pèp anpil, men jan tou lidè ta dwe ye.
Dessalin papa lendepandans nou, ki te jeneral an tèt lame nou, yon lame nèg nwè, ki t’ap pran bay gran blan leson, yo revolisyonè, yon nèg kite kwè nan chanjman.
De lane apre li te fin retire’n nan fè lesklavaj, pou tou ti nèg te ka lib, pou nou gen yon kote pou’n rete, pou lè yo mande’n pou di : « sa se lakay mwen, se peyi’m, Ayiti ». Li te fè yon revolisyon, li te rive fè premye repliblik nwa nan mond lan, li te make eksamp pou tou lòt peyi, tou lòt pèp, tou lòt nasyon kite nan chèn lesklavaj.

Ti nèg pa t’ap tan tròp tan pou yo rayi’l, ti nèg te de gentan wè fòk li mouri, yo te gentan wè, ke yo ka jwe wòl li. Yo pa wè kalite travay li fè, kanti te konba li mennen, pakèt batay li fè’n genyen. Lè bagay la vin’n dous tan kou dlo kokoye tou moun te gentan ka ranplase’l, tout nèg te gentan ka fè miyò pase’l.
Se konsa nou pral premye touye yon nèg nan leta a, de yon lidè sou tè sa.
Se te nèg nan zantray li, zanmi, nèg li te kon’n bwè ak mange avè yo ki t’ap pral trayi’l, nèg li te fè konfyans ki t’ap pral mete dòmi nan zye papa lendepandans nou an.
Nou raple’n Desalin chak 17 oktòb, chak 18 novanb, chak premye janvye. Pami tou dat sa se 17 octòb ke enpinite pral premye wè jou nan peyi’n, e li pral kòmanse blayi sou tou peyi a. Papa lendepandans nou ta pral mouri e moun ki tye la ta pral rete enpini. Yo tiye’l pou sa li te fè ki bon, pou sa t’ap fè ki te bon e pou sa li t’ap pral fè ki t’ap bon.
Soti sou Desalin pase pran Chalmay Peralt rive sou yon pakèt lòt lidè. Sa pral menmen nou an katrevan sèz lane pita. Kote ti nèg t’ap pral fè men bagay la pou yon lòt fra ankò. Se fwa si se Jan wi Jan, Jan Dominik yon lidè ki te gen tou sa yon bon lidè dwe genyen, yon nèg kite bay vi’l pou yon pèp, yo kòz, pou peyi’l.
Li te agronòm li te fè yon ti tan ap ede peyisan nou yo, men li te deside vin jounalis pou ede peyi nan yon lòt sans. Li te mete tout nan’m li, li te kon’n denonse tout sak pa bon, pèp la te fè’l konfyans anpil (pawòl li te levanjil), li te premyè jounalis ki te bay jounal pou pèp, alòs li te fè’l an krèyòl kòm jan yo te konn bay li lontan se te an franse pou pèp la pat konpran’n. li revolisyone koze radyo li tonbe bay joumal an kreyòl san fò kote, e pou pèp la.
Jou ki te 3 avril 2000 lan bandi, asasin, moun ki rayi demokrasi, moun ki rayi peyi’n, moun ki rayi pèp sa t’ap pral mete dlo nan zye yon fanmi, yon pèp, yon peyi, yon nasyon.
Rimè ta vle fè kwè se nan nèg lavalas yo( mwen byen di rimè et anplis mwen di se nan nèg lavalas yo se pa tout mwen pa site non) ki ta touye gwosè lidè’n sa, nèg li te goumen avè yo kont diktati, kont koudeta, pou la jitis, pou demokrasi. Li te men ede yo mete lidè yo sou pouvwa.
Men jan pou Desalin, Jan dominik se nèg li te mennen batay avè yo ki t’ap pral trayi ki t’ap pral bali kòm rekonpans lanmò. Se depi nan ginen ti nèg pa vle wè ti nèg.
Fè ke nou vin’n kwè ke nou pa ka fè progwè kote frè’n nou ye y’ap rayi nou, e y’ap tiye nou. Fè sèvo nou yo pati al rete byen lwen, frè’n yo pati pou yo pa jan’m tounen. Pou yo zafè ti nèg se mistè, ti nèg se pou dan griyen yo touye’w.
Men jan papa Desalin pat jwen jistis se men jan pou Jan dominik li pa jwen jistis. Bandi asasin ap penpennen la nan figi’n, yo kontinye ap detwi lespwa tout yon pè ki vle vanse nan demokrasi tout bon vre.
Li lè li tan pou nou revòlte pou’n mande jistis pou tout sak tonbe, pou tou sak fè’n enjistis, tout sa ki vòlè kòb peyi’n, tou sa ki vyole manman lwa peyi’n.
ELISMA Jean-Marc
jeanmarcelisma@gmail.com
laissez nous vos commentaires 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire